Istwa Nou

Caribex se yon lide ki vin nan tèt nou gras a souvni, eksperyans, epi yon dezi nou te gen pou n rezoud yon pwoblèm ki la depi lontan. Antanke imigran Dominiken premye jenerasyon ki te vwayaje kite Repiblik Dominikèn pou ale New York, epi ki finalman te vin tabli nan Florida, nou vrèman konprann sa sa vle di pou nou konekte de mond.

Nan tan lontan, pou voye lajan bay fanmi w nan Repiblik, ou te oblije fè sa yo rele viman postal, yon moun te oblije al tann nan liy, epi ou pa t janm fin konnen si w ap jwenn lajan an vre. Jodi a, moun voye lajan bay lòt nan yon bat je—men koze pou anbake machandiz enpòtan yo pa chanje, sa ki souvan pran plizyè semèn epi ki koute anpil lajan, epi pafwa bwat yo rive jwenn mèt yo kraze oswa ak bagay ki amnke.

Nou te toujou konnen gen yon pi bon fason. Poukisa pwosesis voye manje ak bagay ki nesesè bay moun pwòch nou nan Repiblik Dominikèn pa t ka fasil ak rapid menm jan lè n ap voye lajan ba yo anliy?

Ebyen se gras refleksyon byen senp sa nou kreye Caribex.

Jodi a, Caribex ba nou yon mwayen san parèy, ki san danje, ak abòdab pou nou voye manje ak machandiz kalite siperyè ki soti Ozetazini bay moun pwòch nou nan Repiblik Dominikèn. Senpleman, pase kòmand lan anliy, pèsonalize bwat ou, epi ou mèt poze—l ap ale jwenn moun pwòch ou yo san anyen pa rive nan sèlman 24 a 48 èdtan.

Misyon nou senp: vin tounen premye solisyon a pwoblèm livrezon anliy pou nou desèvi Dominiken ki Ozetazini ak aletranje yo. Epi amezi n ap grandi, nou pran angajman pou nou ofri plis sèvis toujou kote nou pral ajoute atik pou kay, aparèy elektwonik, ak jwèt, epi n ap livre yo ba w menm jan an, yon fason ki fyab nan jan w konnen nou fonksyone a.

Caribex se pa sèlman travay pou n mete w alèz—men tou se pou w toujou fè n konfyans. Nou la pou nou elimine distans, ranfòse koneksyon, epi senplifye lavi moun.